Wi! Anyen paka separe nou de lanmou Bondye! 🙌🔥
Romains 8:38-39 di sa klè:
"Paske mwen gen konviksyon ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj, ni otorite, ni bagay ki la kounye a, ni bagay k ap vini, ni pouvwa, ni wotè, ni fon, ni okenn lòt kreyati paka separe nou ak lanmou Bondye, ki nan Kris Jezi, Seyè nou an."
Sa vle di, kèlkeswa sitiyasyon w ap travèse, lanmou Bondye rete fidèl. Li pa janm abandone ou, li pa janm vire do bay pitit li yo.
Ou santi ou dekouraje? Ou panse ou twò lwen Bondye? Sonje li toujou la, e anyen paka separe w de lanmou li. 🙏❤️